Nou tout gen pouvwa! Kijan w ap itilize pouvwa pa w?

Repanse Pouvwa ap travay pou fasilite fi ak gason pataje pouvwa yo egal-ego paske dezekilib oubyen fòs-kote nan pouvwa ant gason ak fanm se rasin vyolans sou fanm ak tifi.

Gade videyo Repanse Pouvwa pou aprann pi plis!

Pou bay mouvman an fòs, se chak jou plizyè kote nan Sidès peyi d Ayiti, plizyè douzèn aktivis fanm kou gason, ak lidè kominotè, lidè relijye mete tèt yo ansanm ak lòt manm kominote yo pou chanjman sa a tounen yon reyalite.

Repanse Pouvwa fè fòmasyon pou aktivis yo, lidè yo. Fòmasyon sa yo pèmèt yo egzamine pouvwa yo, fason pouvwa yo manifeste nan relasyon yo chak jou ak lòt moun pou yo tounen aktivis pandan yo kontinye ap jwe wòl yo te abitye jwe nan kominote yo tankou: machann, chofè taksi moto, pastè.

Repanse Pouvwa deja ap travay 8 kote nan Sidès la e li akonpaye Òganizasyon ki nan lòt zòn nan Sidès la ak lòt Depatman pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi plis VIH/SIDA.

Vin dekouvri fason ou kapab bay èd pa w!

Sa k pase?

Materyèl

Repanse Pouvwa fè ak adapte anpil materyèl kominikasyon pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi epi enfeksyon VIH/SIDA. Gras a sipò Raising Voices ki kreye l epi kominote Ayisyen ki ede nou adapte l, metòd SASA! genyen plis pase 800

Sipò teknik lontèm

Òganizasyon ki enterese sèvi ak metodoloji SASA! okonplè nan kominote pa yo kapab aplike pou yo vin patnè lontèm. Patenarya lontèm nan genyen ladan li: Pataj materyèl kominikasyon pwogram nan kreye oubyen adapte. Fòmasyon pou 2-3 manm pèsonèl òganizasyon an

Pledwaye

Gen plizyè lwa pou bay fanm ak tifi sekirite yo bezwen, men yo pa aplike ase. Pwogram Repanse Pouvwa ap fè pledwaye kounye a ansanm ak lòt Òganizasyon fanm ak mouvman fanm Ayisyen pou mande pou lwa sa yo aplike,